Skip Navigation
Paj Biwo Avoka Etazini

De Nou Menm

Strikti Òganizasyon An

Avoka Etazini pou Distrik Sid Eta la Florid se chef ofisye anfosman la lwa nan distrik la e li òganize nan fason swivan an:Divizyon Ekzekitif, Divizyon Administratif, Cham Apel [Juridik], Divizyon Sivil, Divizyon Forfè Byen, Divizyon Kriminel (ki konsiste pa Seksyon Krim Ekonomik ak Anviwonman, Seksyon Krim Majè, Seksyon Narkotik, Seksyon Integrite Piblik ak Sekirite Nasyonal). An plis de biwo santral la ki nan Miami, gen biwo sikisal ak anplwaye nan Ft. Lauderdale, West Palm Beach ak Ft. Pierce, e gen yon biwo, san anplwaye, nan Key West. Swivan an se yon deskripsyon jeneral de depatman biwo sa yo:


Divizyon Administratif

Divizyon Administratif la founi sevis administrative ak sipo lojistik an relasyon ak jere finans, jere pesonel, acha, jere sistèm enfòmasyon, telekominikasyon, espas ak sekirite.


Cham Apel [Juridik]

Cham Apel [Juridik] founi konsèy ak asistans a seksyon juridik nan matye apel, prepare ak revise memoranda ak defan youn koz pou tout Distrik lan, ak plede koz devan Tribinal Apel Onzyèm Sikwi an.


Divizyon Forfè Byen

Divizyon Forfè Byen te etabli an 1993 kouwe yon Divizyon endepandan, ki gen responsabilite pouswiv tout forfè kriminel ak sivil ki an relasyon ak pwose vebal lan Distrik Sid Eta la Florid lan. Misyon Divizyon Forfè Byen an se pou ankouraje, fasilite ak anfose la lwa Etazini an sevan ak forfè kriminel ak sivil pou sispan ak dekouraje aktivite kriminel, pou kraze antrepriz kriminel e pou separe kriminel ak asosye yo pou pwofite sou aktivite ilegal yo.

Avoka Asistan Etazini ki asinyen a Divizyon Forfè Byen a pou okipe tout koz forfè sivil lan Distrik la; okipe ak ede Avoka Asistan Divizyon Kriminel Etazini an ak forfè an relasyon ak pouswit kriminel e gen responsabilite an jeneral pou tout koz ki an afe ak forfè byen ki inkli anket, sezi ak dispozisyon final byen yo. Distrik la soulinye anpil sou kesyon forfè kriminel la e li toujou youn de distrik ki an tet, nan tout payi a, ki nan sezi forfè kriminel yo ak depo Fon Forfè Byen yo. Yo sevi ak fon forfè yo, jan ke la lwa federal pèmèt, pou sipote aktivite anfosman la lwa federal, leta ak lokal e, nan ka ki apwopriye, pou founi restorasyon an plen oswa an pati a victim aktivite kriminel sa yo.


Divizyon Sivil

Divizyon Sivil lan defan entere Etazini de pwose vebal ki gen alegasyon deli estati yo, deli konstitusyonel yo, diskriminasyon travay, ak yon seri lòt krim. Divizyon Sivil la pesikite koz tou ki konsenen fwod ak lòt violasyon lwa federal, e li responsab pou kolekte lajan ke moun douwe govenman an ki rezilte de aman kriminel, lajan ke etidyan prete ke yo pa remet, konfiske kay poutet yo pa paye ipotek la, forfè fon ak jijman sivil. Pwogram divizyon dwa sivil la menen envestigasyon ak peskite ka ki gen diskriminasyon ki konsenen kay, travay piblik, enfirmite, vote ak edikasyon.


Seksyon Krim Ekonomik & Anviwonman

Seksyon Krim Ekonomik & Anviwonman menen envestigasyon ak pouswiv devan la jistis violasyon kont Estati Federal yo ki an relasyon ak ofans kol blan [entelektyel], kouwe violasyon fwod lapos ak fwod estate transfer lajan; lwa tit [vale bours]; Zak Federal Pratik Korupsyon [Federal Corrupt Practice Act]; fo deklarasyon ak etati reklamasyon; pwovizyon ki fèt pou pwoteje la bank kont fwod ak detounman fon [lajan]; estati kriminel an relasyon ak administrasyon Zak Fayit Nasyonal [National Bankruptcy Act]; ka impo [taks]; ak yon seri lòt estate anti-fwod. Seksyon an menen anket ak pouswiv devan la jistis violasyon kriminel ki fèt kont lwa ki pwoteje anviwonman an ak vi sauvaj yo nan tout Distrik la, ki inkli pouswit legal legal kont poluant tradisyonel yo ki an violasyon estanda yo an respe ak lè, tè ak glo yo, e ak ofans ki pa tradisyonel kouwe indistri maritime lan jete fatra solid ak plastic e founi supo anfosman ekstansif la lwa nan Pak Nasyonal [National Parklands] ak Refije Vi Sofaj [Wildlife Refugee] nan Distrik la. Yo dirije yon posyon resous maje pou mezi anfosman oswa pwoteksyon vi sovaj kouwe Zak Espes ki Andanje [Endangered Species Act]. Zak Lacey [Lacey Act] ak Zak Pwoteksyon Zanimo Marinn [Marine Mammal Protection Act], pou violasyon ki nan gam de destriksyon habita a komes intenasyonal ilegal nan espes ki menase oswa ki andanje pou disparèt net.


Divizyon Ekzekitif

Divizyon Ekzekitif la dirije pouswit lajistis lan, operasyon ak administrasyon tout distrik la.


Seksyon Krim Maje

Seksyon Krim Maje a responsab pou pouswit lajistis krim federal reaksyonel ki komèt nan kompte Dade ak Monroe, epitou pou li menen anket ki kout. Majorite ka yo konsenen violasyon nan kategori swivan yo: (1) operasyon ak pwopriyete govenman (atak sou Ofisye Federal, vole pwopriyete govenman an, fabrike fo lajan/machandiz, ofans lapost, fwod sosyal sekirite [byenèt sosyal], chek Depatman Finans ki falsifye); (2) vwa komes ant eta yo (hijack avyon, inteferans ak hotes avyon an, transpotasyon machandiz ke yo vole, pa anrejistre fòm nèsesè yo pou vale lajan lè wap rantre ak soti Ozetazini, ak trafike stok ak kat kredi ki vole oswa ki fò); (3) pwose legal (sove pou pa paye obligasyon bon, obstruksyon lajistis, bay yon ajan federal yon fò deklarasyon); (4) krim violan (kidnapinn, ekstorsyon ak vol arme anba Zak Hobbs lan [Hobbs Act]; vole labank; piratri machinn “carjacking”; ak posesyon ilegal zam); (5) krim kont fenm, timoun ak fanmi, (ki inkli ka pouswit anba Zak Violans Kont Fenm [Violence Against Women Act], anfosman Zak Sipo Rekouvet Timoun [Child Support Recovery Act], pornografi timoun, ak violasyon seksyel ki pase sou lanme); (6) ofans imigrasyon; (7) violasyon narkotik (emportasyon narkotik nan Areopò Intenasyonal Miami an, Pò Miami [Port of Miami] an, ak lage yo de yon avyon bay moun sou bato nan lenme, ak kay kap pouse pye mariwana); e (8) krim ki komèt nan yon lokal kote payi Ozetazini gen sel jurisdiksyon.


Seksyon Narkotik

Seksyon Narkotik lan menin anket ak pouswiv nan lajistis violasyon sou estate Federal yo an relasyon ak moun kap trafike dwog sou yon nivo elve ak lòt reprezantan maje òganizasyon trafikè dwog. Seksyon an responsab tou supevizyon pwgram Ekip ki Òganize pou Anfosman kont Krim Dwog lan (OCDETF) (Organized Crime Drug Enforcement Task Force] ak Zon Elve nan Trafik Dwog la (HIDTA) [High Intensity Drug Trafficking Area].


Seksyon Entegrite Piblik & Sekirite Nasyonal

Seksyon Entegrite Piblik & Sekirite Nasyonal la menen anket ak pouswiv lajistis krim ki an relasyon ak sekirite ak entegrite piblik lan. Sou pwinvu sekirite an, tout matye an relasyon ak zak teworis, ke li intenasyonal oswa nasyonal, tonbe nan seksyon sa inkli materyel ki sipote l ak ka finansman an epitou sije ki inkli eksportasyon ilegal materyel milite ak isaj materyel terminoloji ki kontwole. Seksyon an travay tou pou amelyore entegrite piblik la pa menen anket ak pouswiv devan lajistis ofisye Federal, leta ak lokal pou violasyon estati federal ki kouvri paye anba tab (korupsyon), konfli intere, detounman fon, ak ekstorsyon. Seksyon sa a absoluman anfose Estati Dwa Sivil yo ak lòt lwa federal yo ki pwoteje piblik la de insidan violans ki baze sou ras oswa lòt entansyon, servitud envolontè ak lòt movaz kondwit ki fèt swadizan anba la lwa.