Skip Navigation
Paj Biwo Avoka Etazini

Distrik Sid Avoka Etazini

R. Alexander Acosta

Avoka Etazini, Distik Sid Eta la Florid

Onorab, R. Alexander Acosta

Rizime Pwofesyonel

Prezidan Bush te nominen e le 9 Jen Sena a te konfimen R. Alexander Acosta pou pozisyon Avoka Etazini pou Distrik Sid Eta la Florid. Sifas Distrik Sid Eta la Florid se 15.197 mil kare e li etann pou plis ke 300 mil mil rivaj de Key West nan zon Sid jiska Vero Beach nan zon Nò. Distrik la gen apeprè si milyon abitan e li kouvri nèf kompte: Monroe, Miami-Dade, Broward, Palm Beach, Martin, St. Lucie, Indian River, Okeechobee, ak Highlands. Distrik la se baz pou plizye anklav [lye] federal, ki enkli Homestead Air Force Base [Baz Aviasyon Milite Homestead] , Miccosukee Indian Reservation [Rezevasyon Endyen Miccosukee], Everglades National Park [Pak Nasyonal Everglades], ak U.S. Southern Command, Department of Defense [Komand Sid Payi Etazini, Depatman Defans]. Anplis de sa, gen plis k even ajans anfòsman la lwa federal, gen apeprè 120 ajans polis leta ak lokal nan Distrik Sid Eta la Florid. Kouwè Avoka Etazini, Mesye Acosta se chef ofisye nafòsman la lwa federal pou Distrik lan.

Avan ke li vinn Avoka Etazini, Prezidan Bush te nominen Mesye Acosta e li Sena a te konfimen li pou pozisyon Asistan Avoka Jeneral pou Divizyon Dwa Sivil Depatman la Jistis Etazini. Mesye Acosta te premyè Panyòl ki kenbe plas Asistan Avoka Jeneral Depatman la Jistis. Divizyon Dwa Sivil la responsab pou anfòse lwa federal dwa sivil yo, ki inkli lwa ki entedi diskriminasyon sou baz ras, seks, handicap, relijyon, ak orijin nasyonalite ki konsenen edikasyon, anplwa [travay], kredi, kay, akomodasyon ak fasilite piblik, vote, ak seten pwogram ki jwenn fon monetè de gouvenman federal la oswa ke gouvenman federal la ta dirijè. Mesye Acosta te gen pozisyon kouwè Asistan Adjwin Avoka Jeneral Prinsipal nan Divisyon Dwa Sivil.

Avan pozisyon li kouwè Asistan Avoka Jeneral, Prezidan Bush te nominen e Sena a te konfirme Mesye Acosta pou pozisyon kouwè yon manm National Labor Relastions Board [Komite Relasyon Travay Nasyonal] (“NLRB”), yon ajans federal endepandan ki responsab pou administre ak enteprete National Labor Relations Act [Zak Relasyon Travay Nasyonal], lwa principal nasyonal ki anfòse relasyon travay nan sektè prive an.

Yon natif natal vil Miami, Florida, Mesye Acosta te lekòl Gulliver yon an vil Miami, li diplome nan Harvard College [Kolèj Harvard] ak Harvard Law School [Fakilte Dwa Harvard]. Aprè ke li gradye, li te wisye dwa pou Honorab Jij Samuel A. Alito, Jr. nan U.S. Court of Appeals [Tribinal Apèl Etazini] pou Third Circuit [Twazyèm Cikwit] an. Aprè sa li al travay nan Kabinè Kirkland and Ellis nan vil Washington, D.C., kote li spesyalizè nan kòz anplway ak travay. Mesye Acosta te ansenyen plizyè klas nan dwa anplway [travay[, lwa diskriminasyon baze sou disabilite [andikap], ak dwa sivil nan George Mason School of Law [Fakilte Dwa George Mason].