Skip Navigation
Paj Biwo Avoka Etazini

Rezime Historik

Premyè Biwo Avoka Etazini te louvri nan Miami nan ane 1929, e lokal li te nan 100 N.E. 1 st Avenue. Lan ane 1932, biwo a chanje lokal e li traverse nan U.S. Courthouse, 300 N.E. 1 st Avenue, kote yon jij federal, Honorab John W. Holland (ansyen Avoka Etazini), jij prezidan [dwayen]. Biwo a te tou piti jiska apre 2yèm Gè Mondyal. Lan ane 1952, te gen dè (2) Avoka Asistan Etazini (AUSAs) e twa anplwaye sipo. Depi lè sa a, Distrik lan vin wè yon ogmantasyon nan anplwaye AUSA yo; de nèf AUSAs nan ane 1956 a 265 nan ane 2002. Jodia a, Distrik lan vin gen venteyen Jij Tribinal Distrik Etazini [U.S. District Court] ak kinz Jij Magistra Etazini.

Biwo principal Mesye Acosta lokalize nan 99 N.E. 4 th Street nan Miami. Biwo Avoka Etazini gen twa lòt biwo ki gen anplwaye nan Distrik la: Ft. Lauderdale, ki louvri nan ane 1975; West Palm Beach, ki louvri nan ane 1978; ak Ft. Pierce, ki louvri nan ane 1990. Avoka Etazini gen yon prezans tou nan Key West koute prezante ka devan lajistis.

Eta la Florid se katriyèm eta ki gen plis abitan nan payi a, e li divize nan twa distrik judisye federal: Sid, Mitan [Santral] ak Nò. Distrik Sid Eta la Florid la gen yon sivas jeografik de 15,197 mil kare e gwose l plis ke 300 mil mil sou kot la de vil Key West nan Sid la rive jis vil Vero Beach nan Nò a. Distrik nou a gen apepre 6,750,000 abitan e li kompri nèf konte diferan: Monroe, Miami-Dade, Broward, Palm Beach, Martin, St. Lucie, Indian River, Okeechobee, ak Highlands.

Distrik la se baz pou yon nomb de anklav federal ki inkli Homestead Air Reserve Base [Baz Rezev Pwisans Lè Homestead], Miccosukee Indian Reservation [Rezevasyon Endyen Miccosukee], Everglades National Park [Pak Nasyonal Everglades], ak US Southern Command, Department of Defense [Komand Sid Etazini, Depatman Defans].

Anplis de plis de ven ajans anfosman lalwa feda, gen apepre 120 ajans eta ak polis lokal nan Distrik Sid Eta la Florid lan.