aphis.usda.gov
jump over main navigation bar About APHIS Programs News Hot Issues FOIA Jobs Search
  News

Press Releases

Publications

Factsheets
Popular Pubs
Scientific & Technical Pubs
Industry Alerts & Tech Notes

Videos

Art & Symbols

white line

Email Us

jump over repetitive sidebar navigation
Privacy Statement
EEO Statement
USDA | MRP

APHIS Home Page

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

Pest Posin Klasik—li se toujou yon danje

Peste Porcine Classique (PPC) (Pest Posin Klasik), ki rele cholera kochon tou, se yon maladi viral ki kontajye anpil ke yo jwen nan kochon tou patou. PPC te disparet o Eta Zini an 1976 apre 15 an batay que endistri ak gouvenman Leta ak Federal te menen. Si yo te gen pou yo te fe mem travay la anko kounye-a, yo kwe sa ta koute gouvenman ameriken-an plis ke 500 milyon dola.

Nan prentan ak ete 1997, yo te konfime yon epidemi PPC an Ayiti ak nan Repiblik Dominiken. Tou de peyi te deja fini ak maladi-a nan komansman ane 1980-yo. An 1997 tou, anpil peyi Ewopeyen, tankou Nedeland ak Beljik, te genyen epidemi-a tou e yo te genyen gwo pet. Epidemi sa-yo enkyete responsab sante zanimo nan U.S. Department of Agriculture (USDA) (Depatman Agrikilti Eta Zini) ki te pè PPC tap repan nan twoupo kochon ameriken. PPC pa fè moun malad, me li ka koze gwo pet ekonomik pou moun ki fè elvaj kochon si maladi-a ta rekomanse isit-la.

Transmisyon

Jan maladi-a transmet pi fasil se nan kontak direk kochon sen ak kochon ki enfekte ak PPC. Maladi-a kapab transmet tou lè yon kochon antre an kontak ak sekresyon ou byen eskreman yon zanimo enfekte. Kochon sen ki ekspoze a machin, pak, manje, ou byen rad ki enfekte ak viwus PPC kapab pran maladi-a tou. Zwazo, mouch, ak moun kapab pote viwus-la de kochon enfekte-yo a sa ki an sante. Moun ki fè elvaj kochon kapab transmet enfeksyon-an san yo pa konen nan manje ki pa kuit, dechè ki gen viand kochon enfekte.


Sentom

Sentom clinik PPC-a varie ak severite enfeksyon-an. Maladi-a genyen twa fom: grav, kwonik, ak benen.

• Fom grav PPC-a frape bet-la fo, e li koze fiev pèsistan ki kapab elve tamperati co-a jis li rive 41,7 ¾C. Lot sentom fom grav-la genyen ladan se konvilsyon ak mank apeti. Kochon afekte-yo kole ko-yo ansanm. Sentom PPC kapab pa paret pou pliziè jou apre enfeksyon. An general bet-la mouri 5 a 14 jou apre li te tonbe malad.
• Fom kwonik PPC koze mem sentom clinik nan kochon afekte-yo, mè sentom-yo mwen grav. Kochon-yo ka genyen dekolorasyon po vant ak tach wouj otou zorey-yo ak sou pat-yo. Kochon ki genyen PPC kwonik kapab viv pou plis ke 100 jou apre enfeksyon-an deklare. Pendan le-sa, yo gen dwa enfekte lot kochon.
• Fom PPC benen ou byen ki pa paret pa rezilte souvan nan sentom clinik kap paret. Kochon afekte-yo soufri maladi-a pendan yon tan, lè fini yo repran. Fom benen-an kapab koze yo fè mwens pitit, ke pitit you fet tou mouri, ak lot pwoblem repwodiksyon. Motalite pendan sevraj ta kapab endike prezans fom PPC-sa. Mem kochon ki pa montre sentom enfeksyon-an kapab transmet maladi-a.


Kouman responsab sante zanimo pwoteje zanimo ameriken-yo

Sèvis Enspeksyon Sante Zanimo ak Plant (Animal and Plant Health Inspection Service) USDA-a (APHIS) ap toujou veye pou maladi zanimo etranje, tankou PPC, pa antre lakay-yo.

Pou asire ke kochon yo prezante pou importasyon pa malad, kochon ki vini de peyi kote yo konen pa genyen PPC kapab antre nan Eta Zini apre yon karanten de 30-jou nan yon sant Federal enpotasyon ki gen anpil sekirite.


Kontwol yo mete si yon epidemi ta frape

APHIS met sou pie yon ekip ujans ki genyen ladan responsab Federal, Leta, ak lokal, ki pare pou li repon an ujans a tout epidemi maladi ki soti nan peyi etranje. Si yo ta genyen yon epidemi PPC, ekip-la ta pran aksyon sa-yo:

• Envestige fem afekte-a pou detemine ki bo maladi-a soti, anrejistre tip ak kantite kochon ki enfekte, ak ranmase tout lot enfomasyon sou maladi-a.
• Mete fem afekte-an ak zon tou otou-li an karanten, si yo bezwen, pou anpeche mouvman zanimo enfekte ak sa ki te ekspoze a maladi-a.
• Retrase tout transfè kochon ke yo te resevwa ou byen ke yo te espedye de lokal afekte-a.
• Bay sèvis laboratwa pou eksamen pou teste zanimo enfekte ak sa ki te ekspoze a maladi-a.
• Andomi ou byen depeple e pi jete tout zanimo enfekte ak sa ki te ekspoze a maladi-a; jete tout mateyel ki ta ka kontamine tankou litiè ak eskreman.
• Sipèvize netwayaj ak dezenfeksyon lokal afekte-a.
• Avize e asiste femie kochon nan rejyon-an si twoupo-yo ta nan yon zon ki nan karanten ou byen ki an danje paseke bet-yo te ka te ekspoze a maladi-a.
• Fè moun konen lè genyen epidemi e kouman pou yo kontwole-li a travè konferans, bilten nouvel, ak anons sèvis piblik.
• Mete a dispozisyon-yo yon spesialis nan enfomasyon piblik nan zon-nan pou repon kestyon e bay la pres ak piblik-la denye nouvel.


Kouman moun ki genyen kochon kapab pwoteje bet-yo

Moun kap fè elvaj ki sispek kochon-yo ta kapab genyen PPC ta dwe fè veterinè (doktè bet) zon-nan konen imediatman ou byen responsab sante zanimo Federal ou byen Leta. Sa pou moun ki genyen kochon ta dwe fè pou anpeche maladi-a anracinen o Eta Zini.

• Enspekte zanimo-yo chak jou pou wè si yo genyen sentom ou byen konpotman dwol.
• Asire ke res manje byen chofe pou detwi mikwob.
• Mete kochon yo fenk achte-yo an karanten pendan o mwen 21 jou.
• Mete tout kochon malad-yo an karanten jis yo vin jwen koz maladi-a.
• Clotire pwopriete-yo pou anpeche kochon sovaj pran kontak ak zanimo domestik.
• Mete an pratik tout prekosyon biosekirite, tankou netwayaj ak dezenfeksyon rad, ekipman, ak machin kap antre e kap soti nan fem-la.


Dekalre ka sispek

Moun ki genyen betay ak veterinè ki sispek yon zanimo kapab genyen PPC ou byen nenpot lot maladi zanimo ki soti nan peyi etranje ta dwe kontakte otorite Leta ou byen Federal ki okipe zafè sante zanimo san pedi tan.
Pou plis enfomasyon, kontakte:

USDA, APHIS, Veterinary Services
Emergency Programs
4700 River Road, Unit 41
Riverdale, MD 20737–1231
Telephone (Telefon) (301) 734–8073
Fax (301) 734–7817

Ou Ka jwen denye enfomasyon sou maladi zanimo ak epidemi ke yo sispek ka rive sou Entenet tou. Ale nan
http://www.aphis.usda.gov pou jwen sit APHIS.

Kredi Pou Foto-Yo: Foto deyo-yo de kochon yo andomi, kochon pou kont-li ki genyen po dekolore ak je fetre, ak imaj epiglot-la, se Dr. Volker Moennig de Community Reference Laboratory for Classical Swine Fever (CSF) (Laboratwa Referans Kominote pou Peste Porcine Classique (PPC) (Pest Posin Klasik)), Hannover, Almagn ki te fotografye yo. APHIS remesye li pou kolaborasyon-li le li bay foto-sa yo pou repwodiksyon. Lot foto-yo se fotografi ki nan dosie APHIS.

Photo Captions with JPG links

Otorite olandè depanse preske 2 milia dola pou siprime PPC an 1997.

Kochon genyen tandans kole ansanm tankou yo fret lè yo enfekte ak PPC.

Tach mov sou po kochon-an se yon sentom PPC ki rive souvan.

Je fetre se yon sentom PPC ki rive souvan.

Nodil lenfatik mezanterik ki montre tach fonse emoraji sipefisyel.

Ti pwen emoraji sou ren-yo se yon sentom ki rive souvan.

Emoraji ke yo we souvan sou epiglot kochon ki enfekte ak PPC.

Ilsè “Bouton” sou pawa entesten-an.

Depatman de Agrikilti Etazini (USDA) pa pèmèt diskriminasyon nan pwogram ak aktivite-li sou baz de ras, koulè, orijin nasyonal, seks, relijyon, laj, si moun-nan andikape, kwayans politik, oriantasyon seksyel, ak si yo marye ou byen si yo genyen fanmi. (Se pa tout baz-sa yo ki gen pou wè ak tout pwogram-yo.) Si nou se moun andikape ki bezwen lot jan pou nou ka konpran enfomasyon pwogram-la (Bray, akriti ki pi gwo, kasèt, etc.), fo nou kontakte Sant TARGET USDA-a a (202) 720–2600 (vwa ak TDD—Sistem telefon pou moun ki paka tande byen).

Pou pote plent kong diskriminasyon, ekri USDA, Director (Direktè), Office of Civil Rights (Biwo Dwa Sivil), Room 326–W (Sal 326–W), Whitten Building, 1400 ak Independence Avenue, SW (Sid-Wès), Washington, DC 20250–9410 ou byen rele (202) 720–5964 (vwa ak TDD—Sistem telefon pou moun ki paka tande byen). USDA se yon founise ak anplwaye opotinite egal.

United States Department of Agriculture
Animal and Plant Health Inspection Service
Program Aid No. 1662C

Piblie an Septam 2000
Piblikasyon-sa ranplase Cholera Kochon: Mem si yo te fini ave-li, li se toujou yon danje, Pwogram Èd No. 1220, piblie an 1978 (Hog Cholera: Although Eradicated, Still a Threat, Program Aid No. 1220).

Click here for printable version (PDF)